Delaware.gov logo

Aplikasyon Pèmi Sant Bioenergy Devco, LLC —Mizajou pou reflete chanjman emisyon pou Pèmi Lè epi pou Note Dokimantasyon Sipò Aktyalize Disponib pou Pèmi Dlo



Tanpri note Notifikasyon Legal sa reflete yon chanjman nan emisyon lè anyèl pou oksid nitwojèn (NOX, an anglè) pou RTO a soti nan 0.307 tòn pa ane pou ale nan 1.104 tòn pa ane. Limit emisyon NOX (oksid nitwojèn) revize a pa gen enpak sou modelizasyon a kou tèm oubyen evalyasyon aplikabilite reglemantè ki te pèfòme pou pwojè pèmi a Anplis, sa  a ofri notifikasyon ke Plan Operasyon ak Rapò Enjenyè a ki te pibliye pa Divizyon Dlo nan epòk notifikasyon legal nan dat 21 Dawou 2022 te chanje pou vin pase nan vèsyon ki pi aktyèl yo ki date Jen 2022 pou Plan Operasyon an ak Me 2022 pou Rapò Enjenyè a, ki se vèsyon y ap itilize pou evalyasyon final aplikasyon an. Pwojè pèmi aktyalize a pou Divizyon Kalite Lè a ak dokiman sipò aktyalize pou Divizyon Dlo a rete disponib pou evalyasyon nan dnrec.delaware.gov/public-hearings/bioenergy/. Pa gen okenn lòt chanjman ki te pote nan enfòmasyon ki te ofri nan Notifikasyon Legal 21 Dawou, 2002.

Depatman Resous Natirèl ak Kontwòl Anviwònman (The Department of Natural Resources and Environmental Control (DNREC: Division of Waste and Hazardous Substances, Division of Air Quality and Division of Water/ (DNREC: Divizyon Dechè ak Sibstans Danjre, Divizyon Kalite Lè ak Divizyon Dlo) nan dokiman sa a ofri avi piblik konsènan aplikasyon pou pèmi ki te resevwa nan men Bioenergy Development Company, LLC (BDC) ak yon atelye piblik kolektif ak yon odyans piblik (Dosye:  #2022-P-MULTI-0012) ki pral reyalize pa DNREC konsènan aplikasyon sa yo.

Lokal pou sant BDC pou tout pèmi ki prezante yo chita nan Bioenergy Innovation Center, 28338 Enviro Way, in Seaford, Sussex County, Delaware.

Divizyon Dechè ak Sibstans Danjre: Pèmi Rekiperasyon Resous

Avi sa a akòde pa Depatman Resous Natirèl ak Kontwòl Anviwònman pou di BDC te aplike pou yon pèmi sant rekiperasyon resous pou konstwi yon sistèm dijesyon anayewobi, izin amelyorasyon byogaz, ak yon sant konpostaj, ki sitiye nan adrès yo mansyone pi wo a, ki kreye pou trete dechè volay endistriyèl, pou vin tounen dijesta gaz natirèl renouvlab (RNG, an anglè) ak konpòs, ki gen kalite gazodik. Dechè sant lan pral aksepte enkli lityè volay, dechè kouvwa, mas solid ak labou likid apati flotasyon disolisyon nan lè (DAF, an anglè), rejè, labou rezidyèl aktive, ak matyè gras, lwil, ak librifyan. Kapasite sant yo pwopoze a se 250,000 tòn pa ane.

Yon ekzanplè aplikasyon Pèmi Rekiperasyon Resous ak dokiman sipò rete disponib anliy nan de.gov/dnrecnotices. Pou enfòmasyon sou kijan ou ka enspekte yon ekzanplè aplikasyon an sou papye oubyen si w gen nenpòt kesyon konsènan Pèmi Rekiperasyon Resous la, tanpri kontakte Adam Schlachter atravè imel li nan adam.schlachter@delaware.gov Oubyen atravè telefòn li nan (302) 739-9403.

Divizyon Kalite Lè: Pèmi Lè

APLIKASYON PÈMI MINÈ NATIRÈL KOD 1102 nan 7 DE. Admin

BDC te mande yon pèmi pou konstwi yon (1) jeneratris dijans ki fonksyone ak gaz natirèl ki gen yon pisans an vèy ki se 1,082 KW (1,451 HP) ak kat (4) dijestè anayewobi ki asosye ak ekipman amelyorasyon byogaz ak kontwòl polisyon atmosferik a nan adrès yo te mansyone anwo a. Motè ki itilize nan gwoup elektwojèn pwopoze a setifye pou l respekte, epi li obligatwa pou l obeyi a, regleman EPA Etazini anba pwovizyon nan Soupati JJJ nan 40 CFR 60 ak estanda emisyon anvigè ki sitiye anndan li . Konstriksyon jeneratris la ta pral konplete annakò ak ekzijans Pèmi: APC-2022/0048-CONSTRUCTION.

Sant lan pwopoze pou l resevwa ak dijere nan metòd anayewobi, dechè DAF mas solid ak likid ki soti nan endistri volay la, lityè volay, ak labou byoreyaktè ki soti nan izin tretman dlo ize lokal la. Byogaz ki kreye apati pwosesis dijesyon anayewobi a ta pral filtre ak kondisyone pou l satisfè estanda ki ekzije pou itilizasyon nan rezo gazodik gaz natirèl la . Yo ta pral dezidrate dijesta ki pwodwi a epi pwopoze li pou itilizasyon nan sant konpostaj akote a oubyen komèsyalize l kòm yon amannman pou tè, sa ki rete sijè a apwobasyon fiti nan men Depatman an. Yon seri ekipman filtrasyon ta pral itilize pou rafine gaz la epi separe eleman endezirab nan fli gaz pwodwi la. Fli gaz endezirab la ta pral rekonbine pa yon oksidatè tèmik rejeneratif (RTO, an anglè) oubyen, nan kad mentyen ekipman oubyen eksè pwodiksyon byogaz, yon flam gaz anvan emisyon nan atmosfè a.

Emisyon ki soti nan RTO ki asosye ak pwosesis dijesyon anayewobi a pral gen pèmisyon pou l emèt 0.017 tòn pa ane (TPY, an anglè) ki se Konpoze Òganik Volatil (VOCs, an anglè), 1.104 TPY oksid nitwojèn (NOx, an anglè), 0.023 TPY patikil matyè òganik (PM, an anglè) 0.002 oksid silfi (SOx, an anglè), ak 0.258 TPY monoksid kabòn (CO, an anglè) nan kad PÈMI: APC-2022/0049-CONSTRUCTION. Emisyon ki soti nan flam gaz ki asosye ak pwosesis dijesyon anayewobi a pral gen pèmisyon pou l emèt: 0.001 tòn pa ane (TPY) pou VOCs, 4.5 TPY pou NOx, 0.002 TPY pou PM, 001 TPY pou SOx, ak 20.6 TPY pou CO nan kad Pèmi: APC-2022/0049-CONSTRUCTION.

Yon ekzanplè aplikasyon ak dokiman sipò pou Pèmi Minè Natirèl Kalite Lè rete disponib nan de.gov/dnrecnotices. Pou enfòmasyon sou kijan ou ka enspekte yon ekzanplè aplikasyon an sou papye oubyen si w gen nenpòt kesyon konsènan Pèmi Minè Natirèl Kalite Lè a, tanpri kontakte Tracy Mattson atravè imel nan tracy.mattson@delaware.gov oubyen atravè telefòn nan (302) 739-9402.

Divizyon Dlo: Pèmi Konstriksyon Sant Tretman Dlo Ize

BDC pwopoze pou l konstwi yon sistèm dijesyon anayewobi ak yon sistèm pre-tretman dlo ize kòm yon pati nan yon sant rekiperasyon resous ki pwopoze ki pral trete dechè endistri volay pou vin dijesta gaz natirèl renouvlab ak konpòs, ki gen kalite gazodik nan adrès yo mansyone anwo a. Sistèm dijesyon anayewobi a ak sistèm pre-tretman dlo ize a pral enkli twa (3) rezèvwa pre-tretman ki gen kapasite 0.0208 milyon galon, ak kat (4) rezèvwa fèmantasyon ki gen kapasite 1.95 MG, yon sistèm Byoreyaktè Mambràn (MBR), yon rezèvwa anoksik ki gen kapasite 0.198 Mg, yon reyaktè ayewobi ki gen kapasite 0.412 MG, yon rezèvwa alimantasyon iltrafiltrasyon ki gen kapasite 0.198 MG ak sistèm iltrafiltrasyon ak tretman ozmoz envès. Dlo ize ki trete a pral ponpe epi transpòte ale nan sant tretman ak depo dlo ize nan Seaford. Yon fiti faz konstriksyon pral elimine nesesite pou transpòte dlo ize a sou kamyon lè yo konstwi yon estasyon ponp pou egou sanitè ak yon kondwit prensipal ki pral konekte ak yon fiti kondwit prensipal Vil Seaford ki sitiye anfas lokal la sou Seaford Road.

Yon ekzanplè aplikasyon ak dokiman sipò pou Pèmi Konstriksyon Sant Tretman Dlo Ize a rete disponib nan de.gov/dnrecnotices. Pou enfòmasyon sou kijan ou ka enspekte yon ekzanplè aplikasyon an sou papye oubyen si w gen nenpòt kesyon konsènan Pèmi Konstriksyon Sant Tretman Dlo Ize a, tanpri kontakte Derrick Caruthers atravè imel nan derrick.caruthers@delaware.gov oubyen atravè telefòn nan (302) 739-9948.

Atelye Piblik Kolektif Vityèl

DNREC pral òganize yon Atelye Enfòmasyon Piblik Vityèl pou pèmèt manm piblik la gen chans aprann plis konsènan pwojè yo pwopoze a anvan odyans piblik la. Yo pral oganize atelye a vityèlman apati 6:00 PM nan dat Mèkredi 28 Septanm, 2022  epi yo ka aksede li nan: de.gov/dnrecmeetings. Tradiksyon nan lang panyòl pral disponib kòm yon opsyon pou patisipan ki antre atravè platfòm Zoom lan.

Atelye vityèl la se platfòm Depatman an pou l ka ofri piblik la opòtinite pou poze kesyon konsènan pwojè sa a. Kesyon ak kòmantè ki resevwa pandan atelye vityèl la p ap fè pati dosye odyans piblik lan. Tanpri sonje Depatman an pa pral resevwa kesyon pandan odyans piblik lan, men piblik lan ka ofri kòmantè pou dosye a jan sa dekri nan “Odyans Piblik Kolektif Vityèl” nan seksyon ki anba a.

Anvan atelye vityèl la, piblik la ka aksede plis enfòmasyon konsènan konpayi sa a epi pwosesis li an lè yo vizite sit wèb konpayi an nan: bioenergydevco.com. Anplis, piblik lan ka analize dokiman aplikasyon pèmi ki lye ak pwojè sa a nan men DNREC jan sa dekri nan avi sa a.

Odyans Piblik Kolektif Vityèl

Yo pral reyalize odyans piblik kolektif vityèl lan apati 6:00 PM nan dat Mèkredi 26 Oktòb on Wednesday, October 26, 2022. Ou ka aksede a lyen odyans vityèl la atravè sit wèb Odyans Piblik DNREC a nan: de.gov/dnrechearings. Tradiksyon nan lang panyòl pral disponib kòm yon opsyon pou patisipan ki antre atravè platfòm Zoom lan.

Moun ki swete ofri kòmantè vebal pandan odyans piblik DNREC dwe anrejistre davans pa pita ke a midi nan dat odyans vityèl la nan de.gov/dnreccomments oubyen pa telefòn nan 302-739-9001.

Depatman an pral aksepte kòmantè piblik jiska fen jounen travay la nan vandredi 2, desanm 2022. Yo pral aksepte kòmantè alekri atravè imel nan: DNRECHearingComments@delaware.gov oubyen lè yo itilize fòmilè anliy nan de.gov/dnreccomments, oubyen atravè lapòs Etazini nan adrès annapre a:

Lisa A. Vest, Hearing Officer
Office of the Secretary
Department of Natural Resources and Environmental Control
89 Kings Highway
Dover, DE 19901




+